lundi 2 juin 2025

Prières ⇒ Le Chapelet (en Créole)

 

NAN NON PAPA A, ak Pitit la, ak Lespri Sen an. Amen

MWEN KWÈ (KREDO A).
Mwen kwè nan Bondye,
Papa ki gen tout pouvwa Li kreye syèl la ak tè a.
Mwen kwè nan Jezu Kri, sèl Pitit Bondye a.
Li se Granmèt nou an.
Se pa pouvwa Lespri Sen an, kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj.
E li tounen yon moun.
Li soufri sou rèyn Pons Pilat, yo kloure l sou kwa a.
Li mouri e yo antere li.
Li desann kote mò yo te ye a.
Sou twazyèm jou, li leve byen vivan sot nan pami mò yo.
Li monte nan syèl la e li chita adwat Papa a ki gen tout pouvwa.

Li gen pou retounen pou l jije ni moun kap viv, ni moun ki mouri.
Mwen kwè nan Lespri Sen an.
Mwen kwè Legliz la sen e li la pou tout moun.
Mwen kwè tou byen zanmi Bondye yo fè sèvi lòt yo.

Mwen kwè peche yo va jwenn padon.
Mwen kwè kò moun ki mouri yo va leve byen vivan.
Mwen kwè nan lavi ki pap janm fini an. Amèn!

PAPA NOU ki nan syèl la, se pou nou respekte non ou, se pou nou rekonèt se ou ki wa, se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen chak jou a, bannou li jodi a. Padonnen sa nou fè w tankou nou padonnen moun ki fè nou kichòy. Pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak sa ki mal. Amèn

MARI FÈ KÈ W KONTAN, ou menm ki plen favè Granmèt la avèk ou. Li beni w pase tout fi e li beni Jezi pitit ou fè a. Mari ou sen, ou se manman Bondye, nou se pechè, lapriyè pou nou jodi a ak lè nou prèt pou mouri. Amèn

LWANJ POU PAPA A, ak Pitit la ak Lespri Sen an. Depi nan kòmansman, ni jodi a, ni toulejou e pou toutan gen tan. Amèn

 

 

 

Mistè Jwaye (Kè kontan)

«Mwen vle atire atansyon nou sou lapriyè Rozè a. Se lapriyè prefere m. Ak Mari n ap louvri nanm nou bay Lespri Sen an ki va pote limyè sou sa Bondye ap tann nan men nou. Se pou Manman Mari gide nou epi soutni nou» St Jean Paul II

Premye Mistè Jwaye

ZANJ GABRIYÈL ANONSE JEZU PRAL FÈT

Bondye voye zanj Gabriyèl kote yon jenn fi vyèj yo rele Mari: «Se pou w kontan, ou menm ki plen favè, Granmèt la avè w». (Lk 1, 26-28)

Demann : Pou Jezu sove nou

 

 

 

Dezyèm Mistè Jwaye

MARI AL RANN ELIZABÈT VIZIT

Kou Elizabèt tande Mari salye l, ti bebe a pran danse nan vant li, epi Lespri Sen an anpare Elizabèt. Li pouse yon gwo rèl, li di konsa: «Ou beni pase tout fi. Pitit ki nan vant ou a beni tou». (Lk 1, 41-42)

Demann : Pou nou gen renmen youn pou lòt

 

 

Twazyèm Mistè Jwaye

JEZU FÈT NAN LAVIL BETLEYÈM

Pandan yo te nan lavil Betleyèm, Mari akouche premye pitit gason l, li vlope l nan kouchèt, li mete l kouche yon kote yo bay bèt manje, paske pat gen plas pou yo nan lotèl la. (Lk 2, 6-7)

 

Demann : Pou nou gen yon kè pòv

 

 

 

 

Katriyèm Mistè Jwaye

YO POTE JEZU NAN TANP LAN

Paran Jezu pote l nan Tanp Jeruzalèm lan. Yo ofri l ba Granmèt la… Simeyon pran l nan bra l e li fè lwanj pou Bondye…«Mwen wè ak je mwen delivrans ou te pare devan tout pèp yo». (Lk 2, 22-30)

 

Demann : Pou nou pa peche ni nan kè nou ni ak kò nou

 

 

 

 

Senkyèm Mistè Jwaye

PARAN JEZU REJWENN LI

Ti Jezu ki te gen 12 zan, li te rete nan Tanp lan apre fèt Pak la, san paran l yo pat konnen…. Apre twa jou, yo jwenn li chita nan mitan pwofesè Lalwa yo nan Tanp lan. (Lk 2, 42-43. 46)

Demann : Pou nou viv pi pre Jezu

Association des Fidèles Charismatiques d’Haïti